Kay koule twonpe solèy , li pa twonpe lapli
Kay pyese twonpe lokatè, li pa ka twonpe goudougoudou
An Ayiti pi fò ayisyen vivan toujou se paske Bondye genyen pitye pou nou e mwen rive nan yon kafou mwen pè pou pasyans Granmèt la pa rive nan tobout li pou nou.
Tout peyi ki ekspoze a risk natirèl yo, dirijan yo devlope politik piblik ki pèmèt estikti leta yo ak sitwayen save yo patisipe nan rezoud pwoblèm yo, pwopoze solisyon, e dèfwa antisipe sou yo. Nan peyi Dayiti, malerezman Leta plis kwè nan kanpe an mòd ponpye ak papa bon kè. Chak fwa yon kataswòf natirèl frape peyi a pou vin pote manje epi fè bay popilasyon viktim yo fo pwomès.
Soti premye janvye pou rive jounen jodi a plizyè peyi vwazen tankou Kiba, Jamayik ak Sendomeng resevwa vizit mesye Goudougoudou. E vizit sa yo se yon siyal klè tankou klèwòz li voye bay ayisyen pou di yo pa rete ap dòmi menm jan ak Jezi Kri tankou yon vòlè l’ap pase wè ayisyen e fwa sa l’ap fè plis mò ak andikape pase12 janvye 2010.
Dapre enfòmasyon ki soti nan biwo dè min ak enèji tanzantan Goudougoudou voye men ba nou ak yon seri de ti sekous ke popilasyon an pa twò santi.Ekip biwo dè min lan malgre tout difikilte teknik ak finansye yo genyen, toujou fè yon fason pou atire otorite reponsab yo sou malè pandye sa yo pou leta kapab prepare yon plan prevansyon ak ijans men podyab ta sanble se pa priyorite Leta sa. Priyorite Leta sa plis nan dyalòg pou sove manda ak pataje pouvwa.
Kòm desten nou ak prezidan an byen makonnen kouran fèt goudougoudou a tèlman byen pase, sou tout rezo sosyo yo se R.I.P. Men pifò nan nou bliye se andedan yon sèkèy n’ap viv e si nou vivan toujou se lasisin lanmò ap fè avèk nou.. Petèt anpil nan nou pa janm konsyan. Nou kwè n’ap viv nan yon bon kay , n’ap travay nan yon bèl kay, n’ap manje nan gwo restoran elatriye men podyab nou poko janm pran tan pou reflechi pou nou wè se andedan yon bann gwo sèkèy n’ap evolye. Anpil nan nou poko janm konsyan se nan mitan tonbo n’ap vire won chak jou.
Pandan w’ap li tèks sa jis poze tèt ou kesyon sa. Kay kotew’ap dòmi chak jou a, kote w’ap travay la, lopital kote w’ nan sewòm lan, si tè a tranble menm jan ou pi fò pase 12 janvye 2010 eske w’ap gentan soti anvan l’ kraze ? Eske kay kote w’ap evolye a li konstwi daprè tout prensip ki ka evite l’ kraze fasil yo?
N’ap viv nan yon peyi kote sèvis jeni kominal yo pa gen kapasite pou bay sitwayen yo okenn enfòmasyon sou kalite konstiksyon yo . Pa gen okenn sèvis piblik ou estrikti legal ki gen otorite ak konpetans pou bay swa yon lokatè oubyen yon nouvo pwopriyetè yon sètifika de garanti sou kay la. An Ayiti, nou lwe ak achte kay tankou se sèkèy n’ap achte pou mò. Se peye , antre al viv ladan san okenn enfòmasyon.
Istwa Ayiti ak tranblemann tè se yon istwa damou ki p’ap janm fini e li date anvan nou vin chèf ti bout tè sa. Men domaj depi lendepandans a jounen jodia okenn gouvènman pa janm aplike lwa, kòd ak okenn nòm sou kijan pou konstriksyon yo fèt nan peyi a. An 2012 gouvènman epòk la te pwodui kèk gid ak yon dokiman ki rele CNBH nan lang franse a ki siyifi « Code National de Bâtiment Haïtien ». Dokiman sa pa janm jwenn benediksyon li devan dènye lejislati ki pase yo. Tout konstriksyon ki fèt nan peyi a tankou pon, wout elariye fèt dapre nòm peyi ki finanse pwojè a. Pou kay prive ki konstri dapre nòm yo, nòm konstriksyon ki itilize a chita sou konesans enjenyè ki fè etid la.
216 lane apre lendepandans, Ayiti klase toujou pami ti minorite zwit peyi kote metye nan domèn konstriksyon pa reglemante. Pa gen okenn kad legal ki defini kilè yon sitwayen ka pwofese tankou enjenyè, kontremèt, bòs mason, elektrisyen…elatriye. Pa gen okenn estrikti legal ki ap founi je gade kalite fòmasyon inivèsite ak lekòl teknik yo ap ofri. Nenpòt blofè fè tèt li pase pou enjenyè menm si li ta etidye jesyon. Apre 12 janvye 2010 lekòl jeni sivil louvri nan tout kwen nan peyi a tankou restoran sou Dèlma a .Etidyan nan gwo lekòl jeni sivil yo se gwo pwofesè nan yo. Dèfwa rektè nan swadizan inivèsite sa yo pa menm gen diplòm. E nan lekòl ki gen non yo anpil nan pwofesè yo jis gen yon lisans epi yo pa resikle.
Pandan n’ap kontinye mande Bondye kraze sèkèy reyèl yo nan priyè nou, nou menm jenerasyon sa nou gen yon responsabilite moral pou nou patisipe nan ede Bondye kraze sèkèy pèp inosan sa ak jenerasyon k’ap vini an . Nou gen yon devwa moral pou nou pote kontribisyon nou nan tout sans epi fè yon lòt chwa ak kalite dirijan n’ap mete nan tèt peyi a ak nan tout lòt pòs desizyon yo.
Jenerasyon sa gen devwa ak responsabilite pou bay peyi a bon jan lwa ak kreye estrikti solid pou kraze sèkèy yo. Se devwa nou pou nou mete sou pye nan peyi a yon kolèj ou yon lòd enjenyè. Pou malè pandye ki gen sou tèt peyi a, jenerasyon pa m’ lan pa dwe kite se inivèsite yo sèlman ki deside bay moun tit enjenyè. Demach sa yo dwe valab pou kèlkeswa pwofesyon nan kò metye a tankou bòs mason, bòs chapant, bòs seramik…elatriye. E pou bòs ki pa rive lwen lekòl yo oubyen ki pa konn li ditou yo men ki gen konpetans ak eksperyans yo dwe gen yon estrikti legal ki delivre yo yon kat konpetans ki pèmèt yo egzèse tankou pwofesyonèl.
Jenerasyon pa m’ lan gen devwa pou jwenn yon fòmil pou pèmèt antrepriz prive yo envesti nan rechèch nan inivèsite ak lekòl teknik leta tankou prive nan peyi a. Li lè li tan pou gen yon laboratwa nan nenpòt lekòl ki pote non yon antrepriz tankou Natcom oubyen Digicel. Yon laboratwa enfòmatik ki pote non Delimart oubyen Sogener……elatriye.
Batay pou kraze sèkèy la se yon batay kolektif pèsonn moun pa epanye menm lè w’ p’ap viv Ayiti. Dirèketman ou endirèkteman sèkèy pa w’ la ka femen avè w’.
12 Janvye 2020